Sòs pou Tranpe Legim

Sèvi: 8

Fwi ak Legim: ½ tas nan chak sèvis

Engredyan

½ tas yogout òdinè, san grès oswa san anpil grès

½ tas krèm asid lejè

4 ti kiyè siwo myèl*

4 ti kiyè moutad fonse, byen pike

4 tas legim kri (konkonm dekoupe, flè bwokoli, baton kawòt, baton seleri, ak tranch pwavwon)

Enstriksyon

  1. Lave epi pare legim fre yo.
  2. Nan yon ti bòl, melanje yogout, krèm asid, siwo myèl, ak moutad fonse byen pike.
  3. Mete sòs pou tranpe a glase nan yon frijidè jouktan li pare pou sèvi.
  4. Sèvi  ½ tas legim kri avèk 2 gran kiyè sòs pou tranpe a.

*Si yon timoun gen mwens pase 12 mwa, pa ba li siwo myèl - sa kapab fè li genyen botilism, ki se yon fòm entoksiksasyon alimantè ki pa rive souvan, men ki konn grav.

Konsèy

Ou mèt ranplase legim kri yo avèk sa ki an sezon.

Enfòmasyon sou Nitrisyons

Gwosè sèvis (avèk yogout san grès): ½ tas legim kri avèk 2 gran kiyè sòs pou tranpe; ; kalori : 30; idratdekabòn 7 g; seliloz: 1 g; grès: 0 g; grès satire: 0 g; sodyòm: 130 mg

This material is provided with funding from USDA’s SNAP and/or EFNEP programs. For more information about SNAP-Ed and EFNEP programs, visit ag.umass.edu/nutritionThe Center for Agriculture, Food and the Environment and UMass Extension are equal opportunity providers and employers, United States Department of Agriculture cooperating. Contact your local Extension office for information on disability accommodations. Contact the State Center Director’s Office if you have concerns related to discrimination at 413-545-4800, or see ag.umass.edu/civil-rights-information/civil-rights-information-resources