Sèvi: 12
Fwi ak Legim: ½ tas nan chak sèvis
Engredyan
1 gwo berejenn, kale ak san grenn
3 gwo tomat, tranche
1 gous lay, dekoupe
1/3 tas silantwo oswa pèsi, dekoupe
1 gran kiyè paprika
1 gran kiyè kòmin
½ ti kiyè sèl
¼ tas lwil doliv
¼ tas dlo
Enstriksyon
- Lave ak pare legim ak epis yo.
- Mete tout engredyan yo nan yon gran kaswòl plat oubyen yon gran po, epi melanje yo byen.
- Kouvri epi kite melanj lan kwit sou chalè mwayenn pandan 30 minit, pandan w ap brase tanzantan. Si sa nesesè, bese chalè a pou manje a pa boule.
- Sèvi avèk yon fouchèt oswa yon zouti pou kraze pòmdetè, pou kraze ak melanje tomat ak berejenn yo. Kite yo mijote san kouvri pandan 10 minit, oswa jouktan melanj lan vin epè tankou yon sòs pasta.
Konsèy
Mete yon tikras pwav kayèn pou bay plis gou pike.
Enfòmasyon sou Nitrisyon
Gwosè sèvis: anviwon 1/3 tas ; kalori : 60; idratdekabòn 4 g; seliloz: 2 g; grès: 5 g; grès satire: 0.5 g; sodyòm: 100 mg